Sosyete Powèt Kreyolofòn

avril 21st, 2011

Yves Romel Toussaint

Poster par spcreolophone in Uncategorized

yves1.jpgYves Romel Toussaint fèt nan vil Ench an Ayiti nan depatman sant an 1982. Li fèt klas li nan Ti Seminè kolej Sen Maten de Porès ak Kolej Sen Lwi di sant. Kounya l`ap etidye syans Administrativ li nan 2e Ane, UNAP (Université Autonome de Port au prince) Li ekri an kreyòl ak Fransè. Ev li yo pibliye sou sit Jean Dornac ak revi Inedi Nouvo nan peyi Beljik. Yo li Ev li sou radyo Enghien nan peyi Lafrans. Jean Cajou etidye poèm li nan plizyè atelye pwezi. Li ekri 2 liv déjà ak Denise Bernhardt an Frans : La face double du rêve ak Tremblement de cœur. L`ap travay sou yon liv ki jwenn sous li nan rès dòmi fanm. Li déjà jwe plizyè wòl nan zòn li. Li travay kòm Asistan responsab òganizasyon pou chanm komès nan depatman sant. Aktyèlman li travay sitou kòm delegue rejyonal dès A ak sèn pou teyat nasyonal dayiti.Li ekri nan edisyon Desnel an Matinik avek plis pase san trant ekriven ak poèt nan mond la sou tranbleman tè ki te ravaje Ayiti nan jou ki te madi 12 Janvye 2010 la.
Li se chage afè politik e kiltirel gouvènman skolè an Ayiti.

Karès Douvanjou

Mwen se dènye rèv
Karès te ka pote sou do l’
M’son dènye zèl kat
Lalin te ka jwe ak lakansyèl
Nan lanvè m’
Mwen se dènye souf
Bonnanj douvanjou
Te ka pote ale
Nan pla men yon fanm
San teteSan soutyen
Nan pa pòt
Karès douvanjou

Rèv Chen

Dyòl pèp la bride
Anba zorye m’
Figi lannwit
Penyen de ran ti kouri
Lò w ap dòmi

Ou ka pa wè m renmen w
Men moun k’ ap ronfle tèt anba
Ka pran fre lanmou nou

Rèv chen souse
Nan grèkdèy.
Rèv mwen sanble ak lonbray dlo je w
Nou rasanble sou vye rakèt
Tankou ratay machwè van
Nan bwat alimèt

Yves Romel Toussaint

janvier 18th, 2011

Coutechève Lavoie Aupont

Poster par spcreolophone in Uncategorized

aupont.jpgPowèt sa a fè an Ayiti an 1982. Li ekri an franse tou. Tèks li  parèt nan yon pakèt revi ak jounal Lafrans, Bèljik, Ayiti. Yo tèks li yo an teyat nan vil Nouyòk ak
Boston. La etidye literati nan lekòl Nòmal siperyè Pòtoprens.   

 Nou la je fèmen. 

Timoun lalin s’on boul mikròb

Pa jwe ak lonnbray li

Tèt drèt simityè pran rout lavi

Nou la je fèmen n ap gade 

Pòtoprens bliye sant kò l

Lekòl lage grangou pran fòm vant nou

Nou la pye nan pye n ap mache 

Nannwyit Nou kriye nan rèv nou fè

Nou bwè dlo

Nan rèv nou pa kwyit

Je ront je  nou la n ap gade 

Dlo kò nou jouke lalin

Nou refè lakansyèl ak koulè kò nou

Lapli boude lamizè kwaze pye sou laplenn

Nou la je fèmen n ap twele 

Sant kò nou plen dyòl nou

Se nan vomisman doulè lavi louvri zèl li

Nou la jou pa donnen n ap pale. 

III Mwen menm

Avè w fè twa

Si w konte lanmou Si w pa konte l

Nou fè yon sèl

janvier 4th, 2011

Thélyson Orélien

Poster par spcreolophone in Uncategorized

jpg_orelien_thelyson0-2.jpgThélyson Orélien: se yon powèt ki ekri nan lang Ayisyen ak Franfòn, li defini li menm menm tankou yon ekriven-endepandan. Li fèt nan vil Gonayiv, chèf kote nan depatman Latibonit (Ayiti). Li konmanse nan chante pou apre sa konsakrel nan ekriti powetik. Li te pibliye nan ” Editions de Hèbe” yon rekèy ” Les couleurs de ma terre ” (2007) ki te fèl ranpòte Pri Entènasyonal Jenn otè nan peyi la Swis, Itali ak La Frans. Finalis nan Pri Arthur Rimbaud Fondasyon Emile Blémond pou ” L’ombre qui colle a mes pas” (2009). Kèk nan tèks li yo paret nan ” Nouvelle anthologie de la jeune poésie d’ aujourd’hui ” (2009) nan ” Maison de Poési, Paris “, nan ” Persil ” jounal literè nan peyi La Swis, nan kolektif ” Ancre des Dattes ” (2009) nan ” Anthologie Poètes pour Haiti ” (2010) kay Harmattan, Nan revi ” DiptYque”. Li ap etidye kounye a nan Inivèsite Monreyal.

1- Deblozay

Lanmò plane kou malfini

lap fè laviwonn dede

dèyè yon vyanndèyè

yon chan pwa

chan mayi

Potoprens leve chak maten

ak rèl nan je

pou yon pitit gason

yon vizitè

ke minui manje

Twa (3) revolvè antre

san frape nan yon kay

yo pran lavi

blayil atè

soti kè kal

2- Vwayaj pam

Map leve tout rad met deyò

Tout liv de-chire

Tout kreyon kase

Ak plim san min

M-pral frape tèt lalin nan panno

M-pral kwaze mèt minwi sou gran chimen

m-ap sote lawont nan pòt fenèt

Nan syèl la map pati

Lwen lwen lwen

Byen lwen

Si flè te pouse pa bò isit…

A la pran m-ta pran sant

A la keyi m-ta keyi

A la wouze m-ta wouze

A la koupe m-ta koupe

A la taye m-ta taye

M-tap yas!

M-tap tchoup!

Plonje nan de basen foli

Pou-m pa janm fè foli

3- Sou beton Pòtoprens

Sou beton Pòtoprens
Tranbleman-d tè pase
Alarive li pote ale tout sa-n te posede
Ata yon ti bout papye vyèj
ke plim nan tap eseye kreve ak de ti mo twa pawòl

Sou beton Pòtoprens
Tranbleman-d tè pase
Alarive li pote ale tout sam te ganyen
Sof yon ti gout lawouze douvanjou
nan mitan de fant drèt mwen
ak yon ti moso lalin
ki tap klere-m ak yon ti ponyen limyè
nan mitan batan fenèt la
lè lanp tèt gridap la te fin tenyen nèt

Mpaka konprann
Sanble tout vye rèv yo
Penetre antre jous nan rèv nou
Pou fè nou paka reve ankò

Rèv nou anchennen
Rèv nou ligote
mare ak fisèl pit
tankou vye bèf chenn yap mennen labatwa
Rèv nou minote yon kote
yon kote nou pa menm konnen
Nou pa janm konnen si se isit oubyen lòtbò
si se konnyè a oubyen si se depi byen lontan

Adje !
Ayiti inosan wi mesye
Ayiti genyen pou-l sispann benyen nan san-l
Ayiti genyen pou-l sispann peye pou sa-l pa fè
Paske pa gen sekrè-k kache-k pap devwale yon jou
Sekrè a gen pou-l devwale tankou prizonye-k gen pou-l evade

Sou beton Pòtoprens
Se tout yon kawo twa degout anmè kouwè fyèl
Tankou yon match bòks nou K.O
Nou tonbe kanmenm
Nou leve kanpe pou nou ka retonbe pi rèd

Match di sa a twò dire
Li pi di atò lè nap bokse raj nou
Lè kout pwen nou yo ap tonbe nan levid
Pou vide tout sèvo nou atè

Sou beton Pòtoprens
Tranbleman-d tè pase

Epi…
Beton
Beton nan zokokolo tèt mwen
retire tout memwam
Ou ta di de tete fanm yo tòtòt byen tòtòt

4- Tann

Tann…

Tann yo menen-w

Tann y orale pwent nen-w

Yo pran men-w

Tann dousman

Fè ti souri lakontantman

Tann demwazèl vole

Dèyè pòt kay ou

Tann nan dèyè lonbray

Pase adwat

Vire agoch

Desann anba anba

Wa jwenn platon

Tann jiskaske ou tounen pwa tann

Fò-w tann

Tann mwen di-w

Tonnè!

Tann

Thélyson Orélien

Ekriven-Powèt

Thélyson Orélien, Étudiant
Université de Montréal
Faculté des arts et des sciences
Pavillon Lionel-Groulx
3150, rue Jean-Brillant
Montréal (QC) H3T 1N8
Tél. maison: 514 324-8104
thelyson.orelien@umontreal.ca
http://www.fas.umontreal.ca/

janvier 4th, 2011

James Saint Félix

Poster par spcreolophone in Uncategorized

james-saint-felix.jpgJames Saint Félix fèt 20 me 1989 nan lakou pòtoprens,li se powèt,manm nan Atelye kreyasyon Masèl Jilbè,komedyen nan Konpayi Teyat Zh2ovie, li se dizè tou,li marande tout vid ak flann bèl mo.Li ekri an kreyòl ak franse li se otè 3 liv,ki gen pou sòti (Derandan,kalang ,A la recherche du sens dans le vide. Li se tou manm Sosyete Powèt Kreyolofòn.

Deran dan(Ekstrè)

 

On ponyen tè

On rigòl san

Pil sou pil

Pil sou tè

Dezabiye mò

Abiye vivan.

II

Je tonbe nan pla men

Sèkèy gagannen mò kraze

Lalin mi

Kò se dra

Dra se kò

Pousyè antere

Fas gran van.

III

Kafou san mèch

Mò kalbende son tach san

Ak van nan bouch

Pwèm nan kilbite

Rèl yo pilonnen.

janvier 1st, 2011

Denize LOTU (Lauture)

Poster par spcreolophone in Uncategorized

lauture.jpgNèg mòn premye piti de abitan, Lomon Lotu, Vyejeni Prèvo, ki fè trèz pitiit. Senk ladan yo mouri. Wè jou lamontay Jakmèl 11 Me 1946. Lè li te gen sizan , premye moun nan fanmi li ki te resi desann sètifika te koumanse bal’ leson. Lè li te gen setan papal’ metel’ lekòl kay frè laval. Prèske de zèd tan moute desann mon lematen. Menm kout manchèt la aprèmidi pye atè, sis jou chak semèn. Malgre tout wout long nan, chak dimanch tout kwa ak zetwal fè miyan miyan sou lestomak li. Frè blan fransè chanje lavil’. Yo bwotel pòtoprens. Li tounen tyoul frè fransè ak piti boujwa nan Saint-Louis de Gonzague. Li fè kabann, sèvi tab, bale klas, bale lakou, ramase kaka chen etc. Chans pou li, yo kitel’ al lekol Jean Marie Guilloux. Se la li fini klas prime li. 1960 : li antre SALESIENS  apre li pase yon dikte sou VERCINGETORIX, nou tande, na dim pou ki rezon yon ti Ayisyen nan mòn ki vle vin mekanisyen oblije pran dikte sou yon chèf tribi frank. Pandan katran kay pè yo rele li : OPIUM, HASCHISH, BELZEBUTH ! li soti mekanisyen ajistè. Powèm li yo parèt nan anpil gran magazin ak jounal : Black American Literature Forum, Présence Africaine, Ayiti Progrè, Ayiti Obsèvatè, Amsterdam Knews. Se sèlman anpe ladan yo. E lis la long toujou. Msye fè yon kasèt powèm poul’ bay tout Ayisyen gratis.

KADO ANNDAN KÈ POWEM MWEN YO 

Vannen Vannen powèm mwen yo

Vannen yo byen

Anndan kè yo

Na jwenn bon kado

Na jwenn kado lespwa

Ak kado lapè

Na jwenn kado renmen

Ak kado lavi

Vannen

Vannen powèm mwen yo

Vannen yo byen- 

NANM AK LESPRI BON PITIT  DANTI YO

Nanm ak lespri

Bon pitit danti yo

Ap moute desann

Balanse agòch

Balanse adwat

Vire anron

Dyayi rale mennen vini

Dyayi rale mennen ale

Nan kadans danble

De kout bagèt majik:

Kout bagèt melodi vodou

Ak kout bagèt mizik powezi

Nonm nan se chwal de gran mystè

Kap kòde kòde nan tèt li.

MWEN RELE PREZAN

Prezans mwen mèt absan

Absans mwen mèt prezan

Nan tout liv lang fransè

Nan tout liv lang anglè

Nan tout liv lang panyòl

Men nan liv lang manman m nan

Fòs prezans mwen kanpe drèt doubout

Byen dwat byen vivan

Tankou yon papa potomitan

Plen tras dwèt mak men mak bouch

Nan mitan yon gwo sèvis lwa.

KOZE SOU LANG MOUN PALE  Yon lang poukont li paka mete logèy nan pwatrin yon nasyon. Se moun nan nasyon an, lè yo makonen ak lang nan, pran so ak lang nan, moute desann ak lang nan, fè lang nan tounen yon tijoujou byen klere kote tout moun wè foto yo; se lè sa a logèy a mache bwòdènan kè yo, lè yo ap pouse bèl son ak bèl pawòl lang nan. 

décembre 21st, 2010

Fortestson ‘Lokandya’ FENELON

Poster par spcreolophone in Uncategorized

lokandya.jpgFortestson ‘Lokandya’ FENELON fèt 2 fevriye 1982. Li se powèt, komedyen, jounalis, metè-an-sèn, dizè, desinatè.
Li kolabore ak plizyè asosiyasyon kiltirèl nan peyi li. Li te responsab seksyon kiltirel radyo Signal FM. Li te redaktè jounal Le Nouvelliste, Le Matin, Bèlvag…
Li jwe nan plizyè pyès teyat tankou « Monsieur de Vastey » René Philoctète, « Foukifoura » Franketienne sou direksyon Daniel Marcelin. Kèk nan tesk li yo jwe nan « Vendredi litteraires de l’Université Caraibes », « Petit Conservatoire ».
Fortestson ‘Lokandya’ FENELON ekri an fransè e an kreyòl. « Nuits à deux battants », « Pwent tete solèy » se de liv powèm otè a pibliye deja. Li ap viv Floride, USA.

Jou lanmò

Se pa eskandal piblik
moun pran lari
se pa manifestasyon non plis
tout sèkèy pran lari
van chanje kadans
solèy mouri nan fron m
larivyè debòde sou lanmè
nanm lanmè pati
manmb latè febli
Wòch pote nouvèl bay tonbo
yon disip file
jou lanmò m
tout simityè ap pran lari

Eleksyon

Tout moun nan ran
se pa manje k ap bay
se jou eleksyon
gwo elèktè ti elèktè
elektè pil sou pil
yon bann aganman
blayi pòtre yo sou mi peyi a
mi kriye tankou ti-bebe nan bèso
Lari bwote elektè
lari pran kriye tankou ti bebe menm jan
dlo nan je charye figikandida jete nan lanmè
lanmè sezi
lanmè pran kouri
gwo sezisman
Anvan jounen an mouri
tout bilten pann tèt yo

Tete’w

Nan pwent tete w
tout manti fè fon
venn nan kò w
se chimen
ki mennen dwat nan panse gayak
ou se solèy mwen
nan pwent tete w
vi a bay randevou
vi a monte pye bwa

Dèy

Yon zetwal file
de file
twa file
yon latriye file
souf nou pa sispann kwaze nan gran chimen

chak bò lari pòtòprens
nou kase randevou ak souf nou
nou kase randevou ak lanmou
nou kase randevou ak lanmò

Pa bò isit
bay solèy la dlo nan je
moun di lanmò bonjou nan fason pa yo

Chak revèy sonnen
yon lè lanmò sonnen
Tak, tak, tak, tak, anmweeeeeee
Rèl la kreve almanak
yonn
de
twa
yon latriye deja pran kanntè
yo pati
yo pati byen lwen kite zile-a
yo pati
yon bann pati
yon bann ak yon pakèt pati
tout sèkèy pran lari
tout lanmò pran lari
chak jou ki tanmen se yon dèy simityè

décembre 21st, 2010

Emmanuel Vilsaint-Veguy

Poster par spcreolophone in Uncategorized

emmanuel.jpg, ap mennen depi lane 2003 yon vwayaj nan pwezi, sinema ak teyat. Aprè etid li nan Pari XIII, Inivèsite literati etranje, li retounen pou Konsèvatwa (Kote li al aprann, ekri, mete sou sèn ak jwe teyat), nan Satie Erik nan  setyèm (7èm) awondisman vil Pari an Frans . Li ekri nan Lang Ayisyen an  ak nan lang Frans. Tankou tout powèt kreyatè, li se youn ki pran plim li poul pwopoze yon alyans ant tradisyonèl ak nouvèl fòm eskpresyon literè tan sa a. Jodi a, li kontinye ekri pandan l rete fidèl nan bon jan ankadreman. Premye koleksyon powèm li ekri nan lang Ayisyen an gen pou tit “lonbray moun pèdi lanmò” ki te sòti nan mwa Oktòb 2010 la.

Ou bèl

Mwen gade’w devan
Mwen gade’w dèyè

Mwen gade’w adwat
Mwen gade’w agòch

Mwen gade’w delwen
Mwen gade’w depre

Toude grenn zye’m mache pati
Kite tèt mwen pou al mouri nan pa’w

Toude grenn zye’m pa pou mwen

Ilan ilan soti nan bouch mwen pou pale
Koze fant tete’w
- kote lavi ap viv pou tout tan gen tan-

Rèv pa’m se antre anndan dlo kò’w
pou glise desann jouk nan kwis ou

Ou bèl
Ou bèl

Ou se syèl avèk la tè
Tout sa m renmen
Tout sa ki fè’m rete bèkèkè
Tout sa ki fè’m reviv lè’m fin mouri
Tout sa ki fè’m kanpe, kanpe byen rèd !

Ou fout bèl !

Wonnkilèsakole

Timoun patat timoun ma labou
timoun bak machann pye tiwèl
manje kwit nan kalfou san manman
boulva twèl sire dòmi lannwit

Timoun koridò brik a brak
grès kochon lamanjay mouch
malkadi kaka san savon
maladi chirepit tripotay marengwen

Timoun pinisyon levasyon
lamizè nan sak lekòl
aritmetik pou tèt
franse pou djòl
baka loreya sou channmas

Bèl rèv anba ban
bèl koze politik trennen moun lagonav
bèl lespwa bokit dlo san twòkèt
mobilizasyon dwèt lonng

Timoun granmoun jodi demen
fistibal trip nan men
lari pòch kanson chire
batistè pè savann kominyon lèzany
maryaj antere gran simityè  

 

décembre 20th, 2010

Stanley BASTIEN

Poster par spcreolophone in Uncategorized

stanley-bastien.jpgNèg pòtoprens natif natal, jèn powèt, komedyen, Stanley BASTIEN fèt lan lane 1987, li etidye Lèt Modèn lan Inivèsite Leta Dayiti Lekòl Nòmal Siperyè, li se etidyan lan Mastè Literati ak Filozofi lan Inivèsite Pari 8 peyi Lafrans. ‘’Wòl Pawòl’’ se premye Rekèy powèm li pibliye. “Lapèsòn”, “Lòsyè dife”, “Accent aigu” se lòt rekèy powèm li gen lan djakout powezi l.

1*

Pòtoprens !vil Akwochay.

PòtoprensBlayi sou do

Vil laVale dlo bouch li.

Vil laplenn yon pitit san papa.

2*

PòtoprensTounen lekòlVil pòtoprensAp li nan silabè.

PòtoprensEnneyenPòtoprens DefwadePòtoprens A e i o.

Vil pòtoprensPran kanèLi pa pase.

3*

Latè woulel’boule lavi.Lavi boule l’bay sant,l’ bay sann,sann difedife boule.Yo di mizè latè fini.

Gad nan syèlpa di kichòymen gad adwat,gad agòchna va pran lachoz anmen.

décembre 19th, 2010

Pwezi Kolektif

Poster par spcreolophone in Uncategorized

Pwezi Kolektif

Senkè

Nanm mwen fèt

Demenm vole ak kòm

Lè Charye van

Peyi chire tèt anba

Ansanm nou vid

Chapo

Chen met chapo

yon lakansyèl pike

Nan tòde solèy

Lavi san lasi

Twou won san fon

M’manje kèm

Rèv kraze tan

Zòrèy sispann kònnen

Mòn kole a krache

Soulye san lasèt

Tou lwèz

Ansanm 

Solèy la ap kriye san bote

Li fann tout fanm de moso

M pote tèt mwen

Poum karese tabatyè kè

De jem pete

Peyim an komokyèl

M pèdi tèt mwen nan yon liv kap kouri

Lang gaye sou nat

De menm pandye

E se konsa mizik la kòmanse

décembre 19th, 2010

Elysée DESTIN

Poster par spcreolophone in Uncategorized

elizee.jpgElysée DESTIN, se yon jèn powèt Ayisyen ki fèt nan depatman Lwès peyi a, komin Kafou nan dat 16 Me 1987. Li pran plezi l nan ekri an kreyòl epitou an franse. Li renmen deklame tou. Powèt Elysée ap etidye Syans Sosyal (Istwa) nan Lekòl Nòmal Siperyè (Ecole Normale Supérieure), anplis Sèvis Sosyal nan Fakilte Syanzimèn (Faculté Des Sciences Humaines). 

  MISYON

      Lank plim mwen

      Se zegui k ap koud mo

      Pandan jakmel ap ri

      Tankou asyèt fayans k ap kraze

     

      Depi lè jakmèl tonbe ri

      Se konsa richès li pran gonfle

      Sou w konn lalin ki jwenn fòm zoranj

     

      Lank plim mwen

      Se pou file bèl mo

      Pou koud nan lonè jakmèl

      K ap griyen dan l byen gra

      Pou kenbe eskanp pantalon Ayiti

      Pou dechouke mepri ki choukonnen pase n

      Ki tankou grenn piman

      Pou angrese avni an lakansyèl

      Kon w lanmè ki anpèdisyon.

                LOJIK

         Anba kout batwèl

         Lavi k ap degwosi

         Demen Ayiti pare pou boujonnen

         Douvan pòt simityè dezespwa

         K ap fè l filalang

         Yon miray fènwa bouche je l

         Ata respirasyon l tounen pwazon

         Lè l ap pase

         Nan espas fant janm

         Pye jennen divizyon

         Sanble rad lavi Ayiti

         Se ak pikan sèlman l te koud

         Lè l t ap rapyese chans libète

         Lè je nèg t ap pise san

         Nan je revolisyon.

        Nan lavi

        Gen yon nich foumi pikan

        K ap zongle kò alèzte

        Anndan je chak foumi gen lò

        Men ak ki je wa wè zisye foumi

        Je anpil pasyan souvan bouche

        Ak pousyè dezespwa

        Lè yo pran direksyon mòn an falèz koridò

        Pafwa lavi respire tankou kayiman

        Pafwa tankou ti van k ap leve

        Li bwote ak je l

        Yon lanmè pot bay tristès

        Anvan l lage yon ti pwason woz nan vant li

        Pou fè vag lanmè kadanse

        Ak yon fòs lajwa

        Si m rele aba lavi

        Se okasyon m bay lanmò pou betize m

        M pito lavi betize m

        La kite m anvi lè l vle

        Lè l fin banm dan myèl la

        La banm siwo a

        Yon bravo va bat an lonè m

        Se sèl boul lò Bondye bay kò

        Pou konsève bon lodè li

        Nan akouchman kreyasyon n

        Rèv mwen yo toujou vivan

        Toutotan lavi poko fè vè

        Nan silans tout pwojè k ap dòmi

        Lè lannwit anbrase l nan wout.

           

Anciens sujets »




  • Monthly

  • Blogroll


  • Créer un Blog | Nouveaux blogs | Top Tags | 13 articles | blog Gratuit | Abus?